Otè liv la: David ak lòt moun
Dat evènman ki rive nan liv la: Diferan epòk
Dat: Ant ane 1400 ak ane 500 anvan Jezi fèt
Entwodiksyon sou liv Sòm yo
David ekri apeprè mwatye nan Sòm yo. Li te ekri anpil ladan yo anvan li vin wa. Pami lòt moun ki ekri Sòm, nou ka site: Azaf (Sòm 73-83), Salomon (72; 127), Etan, moun peyi Ezra (89), Moyiz (90), pitit Kore yo ki te prèt tou (84; 85; 87; 88). Gen prèske 50 Sòm nou pa konnen kilès ki ekri yo. Men Sentespri, ki se Bondye, se li menm ki ekri yo tout (2Sa. 23:1-2).
Anpil nan Sòm David yo fè nou konnen li ekri yo poutèt yon evènman ki te rive nan lavi li (tankou Sòm 18; 34; 51; 52). Plizyè nan Sòm yo, se Sòm pou wa. Yo bay pwofesi sou Mesi a (tankou Sòm 2; 2; 45; 110).
Se Bondye ki bay kwayan yo liv sa a, ki gen anpil lapriyè ak lwanj ladan l. Salmis yo bay plizyè moun lapawòl, tankou: Bondye (23; 103), moun ki kwè nan Bondye (20; 29; 3; 34; 37; 47; 95), moun ki se pechè (52; 58), epi moun tout nasyon sou latè (96; 97; 100; 117). Gen kèk Sòm kote salmis la ap medite sou kilès Bondye ye, sou plan Bondye, sou zèv li oubyen sou pawòl li (1; 2; 14; 19; 24; 32; 46). Men, pi souvan, se pale salmis yo ap pale ak Bondye. Lapriyè gen yon plas enpòtan nan Sòm ki pi long nan (119). Nan majorite Sòm yo, gen moun k ap lapriyè Bondye. Apeprè mwatye nan Sòm yo kòmanse ak lapriyè nan premye vèsè a.
Nan Sòm yo, nou jwenn tout kalite sikonstans, yon moun ka twouve l ladan, epitou nou jwenn tout kalite emosyon moun ka genyen. Pafwa salmis yo kriye pou Bondye ba yo pwoteksyon (6; 12; 13; 69). Pafwa yo bay Bondye lwanj paske li delivre yo (7; 34). Pafwa yo pèdi espwa paske Bondye rete an silans (42; 88). Pafwa yo rejwi paske yo nan prezans Bondye (63; 66). Yo konn nan lapenn akòz peche (38; 51). Yo konn rejwi paske Bondye padone yo (32). Yo konn kontrarye paske mechan yo ap fè pwogrè (73). Yo konn adore Bondye paske l ap gouvène tout moun avèk jistis (2; 47; 52). Yo konn admire sajès Bondye ak aksyon li (8; 19; 103; 104). Konfyans nan Bondye se yon lòt sijè enpòtan ki parèt nan anpil Sòm (2:12; 4:6, 9; 5:12; 7:2; 9:11; 11:1; 13:6; 16:1; 37:3, 5, 40, eks). Sòm yo aprann nou kijan pou nou di Bondye tout sa nou gen nan kè nou. Yo ankouraje nou pou nou mete konfyans nou nan Bondye nan tout sikonstans lavi a.