Letènèl ap vini pou jije lemonn
96
Chante yon kantik nouvo pou Letènèl!
Tout latè,
chante pou Letènèl!
2 Chante pou Letènèl,
beni non li,
Anonse delivrans li jou apre jou!
3 Rakonte glwa li pami nasyon yo,
Rakonte mèvèy li pami pèp yo!
4 Paske,
Letènèl gran,
li merite lwanj anpil.
Li terib anpil,
plis pase tout lòt dye yo.
5 Paske,
tout dye pèp yo se zidòl,
Men,
Letènèl te fè syèl la.
6 Devan fas li se ekla ak majeste,
Nan sangtyè li,
se pisans ak glwa.
 
7 Fanmi pèp yo,
bay Letènèl,
Bay Letènèl glwa ak pisans!
8 Bay Letènèl glwa pou non li.
Pote ofrann,
antre nan lakou li.
9 Pwostène devan Letènèl ak abiman sakre,
Tout latè,
tranble devan l!
10 Di nan mitan nasyon yo:
Letènèl ap reye.
Wi,
lemonn kanpe fèm,
li pa brannen.
Letènèl jije pèp yo nan ladwati.
 
11 Se pou syèl la rejwi,
Se pou latè nan gwo kontantman,
Se pou lanmè a sonnen ak tout sa ki ranpli l.
12 Se pou savann nan rejwi ak tout sa ki ladan.
Se pou tout pyebwa nan rakbwa rele ak kontantman
13 Devan Letènèl!
Paske,
l ap vini,
L ap vini pou jije latè.
L ap jije lemonn ak jistis,
L ap jije pèp yo daprè fidelite li.