Bondye kenbe tout bagay nan men li
95
Vini,
annou chante ak jwa pou Letènèl,
Annou fè bri kontantman pou woche delivrans nou an.
2 Ann ale devan l avèk remèsiman,
Annou fè chante kantik pou li.
3 Paske,
Letènèl se yon gran Bondye,
Li se gran wa sou tout dye yo.
4 Li kenbe fondè lanmè a nan men li,
Tèt mòn yo se pou li.
5 Lanmè a,
se pou li.
Se li ki te fè l.
Latè tou,
li te kreye l ak men li.
6 Vini,
annou pwostène,
annou koube,
Annou mete ajenou devan Letènèl,
kreyatè nou.
7 Paske,
li se Bondye nou,
Nou se pèp patiraj li,
Twoupo li kondui ak men li.
Jodi a,
si nou tande vwa li,
8 Pa fè kè nou di menm jan nou te fè l Meriba a,
Menm jan nou te fè nan jounen Masa a,
nan dezè a,
9 Kote zansèt nou yo te tante mwen,
Kote yo te teste m,
malgre yo te wè travay mwen fè.
10 Pandan karantan,
mwen te fache sou jenerasyon sa a.
Mwen te di:
Se yon pèp ki egare nan kè yo,
yo pa konnen chemen mwen yo.
11 Menm jan,
mwen te sèmante nan kòlè m nan:
Yo p ap janm antre nan repo mwen an.