Se sou bonte ou m apiye
94
Letènèl,
Bondye vanjans!
Bondye vanjans,
parèt nan glwa ou!
2 Leve,
jije latè!
Bay awogan yo rekonpans yo.
3 Letènèl,
jis kilè mechan yo,
Jis kilè mechan ap sispann triyonfe?
4 Y ap vide pawòl,
y ap pale ak awogans,
Tout moun k ap fè mechanste yo ap vante tèt yo.
5 Letènèl,
y ap kraze pèp ou,
Y ap peze eritaj ou.
6 Yo tiye ni vèv ni etranje.
Yo asasinen òfelen yo.
7 Yo di:
Letènèl p ap wè sa.
Bondye Jakòb la p ap konprann sa.
 
8 Konprann non,
moun fou pami pèp la.
Moun fou,
kilè n a vin saj?
9 Moun ki plante zòrèy la,
èske l p ap tande?
Moun ki kreye je a,
èske l p ap wè?
10 Moun ki korije nasyon yo,
èske li p ap reprimande,
Li menm ki bay lòm konesans?
11 Letènèl konnen panse lòm,
Li konnen yo san valè.
 
12 O Letènèl,
benediksyon pou moun ou korije,
Pou moun ou montre lalwa ou,
13 Pou ba li repo nan jou malè,
Jiskaske twou mechan an fouye.
14 Paske,
Letènèl p ap lage pèp li,
Li p ap abandone eritaj li.
15 Paske,
jijman an ap suiv lajistis.
Tout moun ki gen kè dwat ap suiv li.
16 Kilès k ap leve kont mechan yo pou mwen?
Kilès k ap sipòte m kont moun k ap fè sa ki mal?
 
17 Si Letènèl pa t sekou mwen,
Nanm mwen t ap prale tousuit nan kay silans la.
18 O Letènèl,
lè mwen di:
Pye m glise.
Fidelite w kenbe mwen.
19 Lè pil panse m yo ajite anndan m,
Konsolasyon w yo fè nanm mwen plezi.
 
20 Èske w ap fè kò ak yon twòn malè,
Ki sèvi ak dekrè pou kreye mizè?
21 Yo rasanble kont lavi jis la,
Yo kondane inosan an pou l mouri.
22 Men,
Letènèl se refij mwen,
Bondye m nan se woche pwoteksyon mwen.
23 L ap fè inikite yo tonbe sou yo ankò.
L ap detui yo nan mechanste yo,
Letènèl,
Bondye nou an,
ap detui yo.