Pwovèb
Otè liv la: Salomon ak kèk lòt moun
Dat: Ant ane 971 ak ane 931 anvan Jezi fèt
Entwodiksyon sou liv Pwovèb
Liv Pwovèb se yon konpilasyon divès pawòl moun saj ekri. Se wa Salomon ki ekri pi fò ladan yo (1:1; 10:1; 25:1; gade nan 1Wa 4:29-34). Men, liv la gen pawòl kèk lòt moun ladan l tou. Objektif liv Pwovèb la se anseye jèn moun, moun ki manke matirite, moun ki manke eksperyans. Anpil nan pawòl sa yo, Salomon kòmanse yo konsa: «Pitit mwen.» Men, tout moun ka aprann kichòy nan sajès Bondye te bay Salomon an pou yo vin saj tou.
Premye vèsè yo eksplike pou kisa yo ekri liv Pwovèb. Se pou aprann moun k ap li l yo kòman pou yo vin saj (1:2-7). Mo ebre, yo tradui «sajès» la vle di «konn fè sa w ap fè», «abil nan sa w ap fè», «kapab fè yon bagay byen.» Yo sèvi avè l pou pale de plizyè kalite bagay yon moun ka fè. Kalite ak kapasite liv Pwovèb ensiste sou yo, se sa Bondye apwouve yo. Refleksyon ki nan liv Pwovèb pa chita sou sipèstisyon ni sou opinyon lèzòm. Yo baze sou yon konpreyansyon lemonn ki selon Labib. (Pa egzanp, gen anpil pwovèb ki sanble ak verite nou jwenn, soti nan Jenèz rive nan Detewonòm.) Labib anseye se nan Bondye sèlman vre sajès la soti (Jòb 28:12, 20-23). Li aprann nou, se lè yon moun gen krentif pou Bondye sèlman, li vin saj toutbon (Jòb 28:28; Sòm 111:10; Pwo. 1:7; 9:10). Nan Labib, gen krentif pou Bondye, sa vle di pran Bondye o serye epi pran pawòl li o serye.
Nan liv Pwovèb, literati sajès la pran de fòm: diskou ak pwovèb. Yon diskou se yon koze ki long. Li gen mo ankourajman ladan l, li gen kòmandman, avètisman ak pwomès. Soti chapit 1 rive chapit 9, gen plizyè diskou. Yon pwovèb se yon fraz ki pa twò long, yon fraz ki rete fasil nan tèt moun. Li eksprime yon refleksyon jeneral sou lavi. Soti chapit 10 rive chapit 31, genyen plis pwovèb. Yon pwovèb se pa yon pwomès (12:21). Se yon obsèvasyon yo fè sou fason lavi a fonksyone an jeneral. Yon pwovèb se pa yon bagay ki inivèsèl (10:27). Se yon deklarasyon ki vre an jeneral. Men, pwovèb ki fè yon deklarasyon konsènan Bondye, yo toujou vre (15:3), paske yo di sa Bondye di nou sou tèt li lòt kote nan Bib la.
Chak kilti gen pawòl sajès pa yo. Yo bay konsèy oubyen yo fè refleksyon sou lavi. Pwovèb ki nan Bib la diferan paske se refleksyon ki chita sou sa Bondye di nou. Nou ka fè yo konfyans. Liv Pwovèb la ban nou prensip sajès ki soti nan Bondye. Yo ta dwe enfliyanse jan nou reflechi ak jan nou viv.