Lasajès fè envitasyon
9
Lasajès bati kay li,
Li koupe sèt pilye l yo.
2 Li tiye bèt li,
li vide diven,
Li prepare tab li.
3 Li voye sèvant li yo,
li rele
Kote ki pi wo yo nan vil la:
4 Se pou moun sòt yo vin isi.
Li di moun ki pa gen lespri yo:
5 Vini,
manje pen mwen;
Bwè diven mwen te vide a.
6 Kite sòt,
epi viv;
Ale dwat nan chemen entèlijans.
7 Moun ki korije mokè rale mepriz sou li,
Moun ki reprimande mechan an rale kou sou li.
Konsèy lasajès bay
8 Pa reprimande moun ki mokè pou l pa rayi w,
Reprimande moun ki saj,
l ap renmen w.
9 Bay moun ki saj,
l ap vin pi saj;
Bay moun ki jis konesans,
l ap ogmante konesans li.
10 Kòmansman lasajès se krentif pou Letènèl;
Konesans sila ki sen an,
se entèlijans.
11 Grasa mwen,
jou w yo ap miltipliye,
Ane lavi ou yo ap ogmante.
12 Si ou saj,
ou saj pou tèt ou;
Si ou se mokè,
se ou sèl k ap peye sa.
Foli fè envitasyon
13 Fi ki egare anpipèt,
Li sòt,
li pa konn anyen.
14 Li chita nan papòt lakay li,
Sou yon chèz kote ki wo yo nan vil la,
15 Pou l rele moun k ap pase,
Moun ki prale dwat nan chemen yo.
16 Li di:
Se pou moun ki sòt yo vin isi!
Li di moun ki pa gen lespri yo:
17 Dlo yon moun vòlè dous,
Pen ou pran an kachèt bay plezi.
18 Men,
li pa konnen se la lespri mò yo ye,
Envite l yo nan fon peyi-mò.