Byenfè lasajès
8
Èske lasajès p ap rele?
Èske entèlijans p ap leve vwa l?
2 Li rete sou tèt mòn,
tou pre wout la,
Li kanpe nan kalfou yo.
3 A kote pòtay yo,
nan antre vil la,
Nan pòt yo,
li fè tande vwa l.
4 Li di:
Mesye,
se nou m ap rele.
M ap fè pitit lèzòm yo tande vwa m.
5 Moun sòt,
aprann entèlijans!
Moun egare,
konprann lasajès!
6 Koute,
paske mwen gen bagay enpòtan pou m di,
Bouch mwen ap louvri pou m montre nou sa ki dwat.
7 Wi,
bouch mwen ap fè tande laverite;
Bouch mwen rayi mechanste.
8 Tout pawòl nan bouch mwen jis,
Pa gen anyen ki kwochi,
ki kòwonpi nan yo.
9 Yo tout klè pou moun ki konprann,
Yo dwat pou moun ki jwenn konesans.
10 Resevwa enstriksyon mwen olye lajan,
Konesans olye lò fen.
11 Paske,
lasajès vo plis pase bijou,
Pa gen anyen moun anvi ki gen valè pase l.
12 Mwen,
lasajès,
mwen abite ak entèlijans;
Mwen jwenn konesans bon konprann.
13 Krentif pou Letènèl,
se rayi sa ki mal;
Awogans,
lògèy,
chemen mechanste,
Ak bouch kòwonpi,
men sa mwen rayi.
14 Konsèy ak bon jijman se pou mwen,
Mwen se bon entèlijans;
fòs se pou mwen.
15 Se grasa mwen wa yo reye,
Prens yo pran desizyon jistis.
16 Se grasa mwen chèf yo,
Notab yo ak jij yo jije ak jistis.
17 Mwen,
m renmen moun ki renmen m,
Moun ki chèche m jwenn mwen.
18 Mwen gen richès ak glwa avè m,
Byen k ap dire ak jistis.
19 Fwi mwen pi bon pase lò,
pase lò fen,
Sa mwen pwodui pi bon pase ajan fen.
20 Mwen mache nan chemen jistis,
Nan mitan wout ladwati,
21 Pou m bay moun ki renmen m eritye byen,
Pou m ranpli trezò yo.
Lasajès nan kreyasyon an
22 Letènèl posede m depi nan kòmansman chemen l yo,
Avan pi ansyen travay li yo.
23 Li te tabli m depi letènite,
Depi nan kòmansman,
anvan latè te kreye.
24 Mwen te fèt lè pa t ko gen labim,
Lè pa t ko genyen sous ki ranpli ak dlo.
25 Anvan montay yo te tabli,
Anvan ti mòn yo,
mwen te fèt.
26 Li pa t ko fè latè,
ni savann yo,
Ni premye grenn pousyè nan lemonn.
27 Mwen te la,
lè li t ap tabli syèl la,
Lè li t ap trase yon wonn sou fas labim nan;
28 Lè li t ap tabli nyaj yo anwo,
Lè sous dlo labim yo te pete avèk fòs;
29 Lè li t ap bay lanmè limit li,
Pou dlo yo pa depase bòn yo,
Lè li t ap trase fondasyon latè.
30 Mwen t ap fè bèl travay bò kote l,
Mwen te fè l plezi chak jou,
Pandan m t ap rejwi tout tan devan li.
31 Mwen t ap jwe sou fas tè li a,
Mwen te pran plezi m pami pitit lèzòm yo.
32 Kounye a,
pitit mwen yo,
koute mwen.
Benediksyon pou moun ki kenbe chemen mwen.
33 Tande enstriksyon epi vin saj;
Pa kite l ale.
34 Benediksyon pou moun ki koute m,
Ki veye chak jou devan pòt mwen,
K ap siveye bò poto pòtay mwen.
35 Paske,
moun ki jwenn mwen jwenn lavi,
Li jwenn favè Letènèl.
36 Men,
moun ki peche kont mwen maltrete nanm li.
Tout moun ki rayi m renmen lanmò.