Travay Letènèl yo gran
111
Louwe Letènèl!
M ap louwe Letènèl ak tout kè m,
Nan reyinyon moun ki dwat yo,
nan asanble a.
2 Travay Letènèl fè yo gran;
Tout moun ki pran plezi nan yo chèche konnen yo.
3 Zèv li yo se ekla ak grandè.
Jistis li la pou tout tan.
4 Li fè moun sonje mèvèy li yo,
Letènèl fè gras,
li gen konpasyon.
5 Li bay tout moun ki gen krentif pou li manje;
Li toujou sonje alyans li.
6 Li fè pèp li konnen pisans zèv li yo,
Lè li ba yo eritaj nasyon yo.
 
7 Travay men li se fidelite ak jistis,
Tout prensip li yo se fyab.
8 Yo fèm pou letènite,
Yo fèt ak fidelite epi ladwati.
9 Li voye delivrans pou pèp li,
Li tabli alyans li pou tout tan,
Non li sen,
li terib.
10 Krentif pou Letènèl se kòmansman lasajès,
Tout moun ki pratike l gen bon sans.
Lwanj li dire pou Letènite.