Moun ki mete konfyans yo nan Letènèl
112
Louwe Letènèl!
Benediksyon pou moun ki gen krentif pou Letènèl,
Ki jwenn anpil plezi nan kòmandman l yo.
2 Desandan l yo ap vin fò sou tè a;
Y ap beni jenerasyon moun ki dwat yo.
3 Lakay li se pwosperite ak richès,
Jistis li ap dire pou tout tan.
4 Limyè leve nan fènwa pou moun ki dwat,
Pou moun ki fè gras,
ki gen konpasyon ak jistis.
 
5 Benediksyon pou moun ki fè gras e ki prete,
Ki regle zafè l daprè lajistis.
6 Paske,
li p ap janm bite.
Moun ap toujou sonje jis la.
7 Li pa pè move nouvèl;
Kè l fèm,
li konfye l nan Letènèl.
8 Kè l solid.
Li pa pè,
Jiskaske li pran plezi gade advèsè l yo.
9 Li simaye kado,
li bay pòv yo.
Jistis li ap dire pou tout tan.
Tèt li ap leve nan laglwa.
 
10 Mechan an wè l,
li fache;
Li graje dan epi li fonn;
Dezi mechan ap peri.