Letènèl merite lwanj
113
Louwe Letènèl!
Sèvitè Letènèl,
louwe!
Louwe non Letènèl!
2 Se pou non Letènèl beni,
Depi kounye a ak pou tout tan!
3 Depi solèy leve jiskaske li kouche,
Se pou yo louwe non Letènèl!
4 Letènèl egzalte anwo tout nasyon yo,
Glwa li anwo syèl la.
 
5 Kilès ki sanble ak Letènèl,
Bondye nou an?
Li chita anwo.
6 Li bese pou gade
Sou syèl la epi sou tè.
7 Li retire pòv la nan pousyè,
Li leve malere a sot nan fimye,
8 Pou l fè yo chita ak notab yo,
Ak notab pami pèp li.
9 Li fè fi ki pa t ka fè pitit abite nan kay,
Li fè l vin yon manman ki kontan nan mitan pitit li yo.
Louwe Letènèl!