Wa e Sakrifikatè
110
Yon sòm David.
Men pawòl Letènèl di Senyè mwen:
«Chita a dwat mwen,
Jis mwen fè lènmi ou yo tounen machpye w.»
2 Depi Siyon,
Letènèl lonje baton pisans ou,
Li di:
Domine nan mitan lènmi ou yo.
3 Pèp ou plen volonte nan jou pisans ou,
Ak dekorasyon sakre nan gran maten.
Frechè jenès ou sou ou.
4 Letènèl te jire e li p ap regrèt sa:
Ou se sakrifikatè pou letènite,
Nan menm ran ak Mèlkizedèk.
5 Senyè a kanpe a dwat ou,
L ap kraze wa yo nan jou kòlè li.
6 L ap jije nasyon yo,
Tout kote ranpli ak kadav.
L ap kraze youn ki chèf sou anpil peyi.
7 Li va bwè nan ravin sou chemen an,
Se poutèt sa,
l ap leve tèt li.