Se pou Bondye jije mechan an
109
Pou maestwo koral la.
Yon sòm David.
Bondye lwanj mwen,
pa fè silans.
2 Paske,
mechan ak trèt louvri bouch kont mwen.
Y ap pale kont mwen ak lang k ap bay manti.
3 Yo antoure m ak pawòl rayisab,
Yo fè m lagè san rezon.
4 Malgre m renmen yo,
yo fè m lènmi;
Men mwen,
m ap priye.
5 Yo rann mwen mal pou byen,
Rayisab pou lamou.
 
6 Mete yon mechan sou tèt li,
Se pou yon advèsè kanpe bò dwat li.
7 Lè y ap jije l,
se pou yo jwenn li koupab;
Se pou priyè l pase pou peche.
8 Se pou kantite jou l yo piti,
Se pou yon lòt moun pran pozisyon l lan.
9 Se pou pitit li yo vin san papa,
Se pou madanm li vin vèv.
10 Se pou pitit li yo vin vagabon ak mandyan,
Se pou yo mache mande lwen kay kraze yo a.
11 Se pou moun li dwe a pran tout sa l genyen,
Se pou etranje piye fwi travay li.
12 Se pou pèsonn pa gen bonte pou li,
Se pou pèsonn pa gen pitye pou pitit san papa l yo.
13 Se pou yo detui desandan l yo,
Se yo efase non yo nan jenerasyon k ap vini an.
14 Se pou Letènèl sonje inikite zansèt li yo,
Se pou peche manman l pa janm efase.
15 Se pou yo toujou la devan Letènèl,
Pou l fè moun bliye yo sou latè.
 
16 Paske,
li pa t sonje fè gras,
Li te pito pèsekite malere ak pòv yo,
Jiskaske li fè moun ki kè brize a mouri.
17 Li te renmen malediksyon,
Se pou malediksyon tonbe sou li.
Li pa t renmen benediksyon,
Se pou benediksyon kouri lwen li.
18 Sou pou l abiye ak malediksyon kòm abiman,
Se pou malediksyon antre anndan li tankou dlo,
Se pou l antre nan zo l tankou luil.
19 Se pou malediksyon sèvi l rad pou kouvri l,
Pou l sèvi l senti ki toujou mare ren l.
20 Se sa Letènèl ap bay advèsè m yo kòm salè,
Moun k ap pale mechanste kont mwen yo.
 
21 Ou menm,
Letènèl,
Senyè,
aji pou mwen poutèt non ou.
Paske,
bonte ou gran;
delivre m!
22 Mwen malere,
mwen pòv.
Kè m blese anndan m.
23 Mwen prale tankou lonbraj k ap fini,
Yo chase m tankou krikèt abe.
24 Jenou m yo febli tèlman m jene,
Kò m epuize tèlman mwen mèg.
25 Mwen tounen yon lawont pou yo,
Yo gade epi yo souke tèt yo.
 
26 Letènèl,
Bondye mwen,
pote m sekou,
Sove m nan bonte ou.
27 Se pou yo konnen se ponyèt ou,
Se ou menm,
Letènèl,
ki fè a.
28 Yo modi,
men ou menm,
ou beni.
Si yo leve,
y ap wont.
Men,
sèvitè w ap rejwi.
29 Se pou advèsè m yo abiye ak dezonè,
Se pou pwòp lawont yo vlope yo tankou yon manto.
 
30 M ap louwe Letènèl anpil ak bouch mwen,
M ap selebre l nan mitan foul la.
31 Paske,
li kanpe a dwat moun pòv yo,
Pou delivre yo anba moun k ap kondane yo.