Pote nou sekou kont lènmi
108
Kantik.
Yon sòm David.
2 Kè mwen fèm,
Bondye!
M ap chante,
m ap jwe enstriman:
se glwa mwen tou!
3 Reveye w,
gita mwen ak hap mwen!
M ap fè maten reveye.
4 Letènèl,
m ap louwe w pami pèp yo,
M ap chante pou ou pami nasyon yo.
5 Paske,
bonte ou gran anwo syèl la,
Fidelite w rive jis nan nyaj yo.
6 Bondye,
se pou egzalte anwo syèl la!
Se pou glwa ou sou tout latè!
7 Pou moun ou renmen yo ka sove,
Delivre ak men dwat ou,
reponn mwen.
8 Bondye di grasa non li ki sen:
M ap triyonfe.
M ap separe Sichèm,
m ap mezire plenn Soukòt.
9 Galaad se pou mwen,
Manase se pou mwen;
Efrayim se kas nan tèt mwen,
e Jida se baton kòmandman m.
10 Moab,
se kivèt pou m benyen,
Mwen voye soulye m sou Edon.
Mwen fè gwo bri poutèt peyi Filisten yo.
11 Kilès k ap mennen m nan vil ki gen ranpa a?
Kilès k ap mennen m Edon?
12 Bondye,
èske se pa ou menm ki te repouse nou,
Bondye,
èske se pa ou menm ki pa soti ak lame nou yo ankò?
13 Ban nou sekou kont lènmi!
Sekou lòm pa vo anyen.
14 Ak Bondye,
n ap fè mèvèy.
Paske,
se li menm k ap kraze lènmi nou yo.