Louwe Letènèl ak mizik
150
Louwe Letènèl!
Louwe Bondye nan lye sakre li!
Louwe li nan syèl kote pisans li manifeste!
2 Louwe li pou gwo bagay li fè,
Louwe li daprè jan li gran anpil!
3 Louwe li ak son twonpèt,
Louwe li ak gita epi avèk hap!
4 Louwe li ak tanbouren ak dans,
Louwe li ak enstriman a kòd ak flit!
5 Louwe li ak senbal ki bay bèl son,
Louwe li ak senbal ki sonnen fò!
 
6 Se pou tout sa ki gen souf louwe Letènèl!
Louwe Letènèl!