Letènèl pran plezi nan pèp li
149
Louwe Letènèl!
Chante yon kantik nouvo pou Letènèl!
Chante lwanj li nan asanble fidèl yo!
2 Se pou Izrayèl rejwi nan sila a ki te fè li!
Se pou pitit Siyon yo rejwi anpil,
Akòz wa yo a!
3 Se pou yo louwe non li ak dans,
Se pou yo selebre l ak sòm epi ak hap!
4 Paske,
Letènèl pran plezi nan pèp li,
Li bay malere yo delivrans kòm dekorasyon.
5 Se pou fidèl yo rejwi anpil nan laglwa,
Se pou yo fè gwo bri kontantman sou kabann yo!
6 Se pou lwanj Bondye nan bouch yo,
Se pou epe de bò a nan men yo,
7 Pou yo egzekite vanjans sou nasyon yo,
Pou korije pèp yo,
8 Pou mare wa yo ak chenn,
Pou mare gran yo ak chenn an fè,
9 Pou yo egzekite jijman ki ekri kont yo;
Onè sa a se pou tout fidèl li yo.
Louwe Letènèl!