Nan syèl epi sou latè
148
Louwe Letènèl!
Louwe Letènèl depi nan syèl!
Louwe Letènèl anwo!
2 Louwe li,
nou tout zanj li yo!
Louwe li,
nou tout lame l yo!
3 Louwe li,
solèy ak lalin!
Louwe li,
nou tout zetwal ki bay limyè!
4 Louwe li,
syèl tout syèl yo,
E nou menm,
dlo ki anwo syèl yo!
5 Se pou yo louwe non Letènèl!
Paske,
li bay lòd,
epi yo kreye.
6 Li tabli yo pou le tan e letènite,
Li bay yon prensip,
li p ap vyole l.
 
7 Louwe Letènèl depi sou latè,
Gwo bèt lanmè,
nou tout labim yo;
8 Dife ak lagrèl,
lanèj ak vapè,
Gwo van k ap egzekite lòd li;
9 Montay ak tout ti mòn yo,
Pyebwa k ap donnen ak tout pye sèd yo;
10 Bèt nan bwa ak tout bèt domestik,
Bèt k ap rale ak zwazo k ap vole;
11 Wa latè ak tout pèp yo,
Prens ak tout jij pèp yo;
12 Jèn gason ak jèn fi,
Vyeya ak timoun!
13 Se pou yo louwe non Letènèl!
Paske,
se sèl non li ki egzalte,
Grandè li depase latè ak syèl.
14 Li ogmante fòs pèp li,
Se chan lwanj pou tout fidèl li yo,
Pou pitit Izrayèl yo,
pèp ki pwòch ak li;
Louwe Letènèl!