Bondye reponn a bezwen nou yo
147
Louwe Letènèl!
Li bon pou nou chante pou Bondye nou an,
Se bon,
se bèl pou nou louwe li.
2 Se Letènèl ki rebati Jerizalèm,
Li rasanble egzile Izrayèl yo.
3 Li geri sila yo ki gen kè yo brize,
Li panse blese yo.
4 Li konte konbyen zetwal yo ye,
Li ba yo tout non.
5 Senyè nou an gran,
li gen anpil fòs,
Entèlijans li pa gen limit.
6 Letènèl soutni malere yo,
Li fè mechan yo bese jis atè.
7 Chante pou Letènèl ak remèsiman,
Jwe mizik pou Bondye nou an avèk hap.
8 Li kouvri syèl la ak nyaj,
Li prepare lapli pou latè,
Li fè zèb pouse sou mòn yo.
9 Li bay bèt yo manje,
Li bay ti kònèy yo manje,
lè yo kriye.
10 Se pa kouraj cheval la ki fè kè l kontan,
Se pa nan fòs janm lòm li pran plezi.
11 Letènèl pran plezi nan moun ki gen krentif pou li,
Nan moun ki mete espwa yo nan bonte li.
12 Jerizalèm,
louwe Letènèl!
Siyon,
louwe Bondye ou!
13 Paske,
li fè batan pòt ou yo vin fèm,
Li beni pitit nou yo nan mitan ou.
14 Li mete lapè nan fwontyè w,
Li satisfè w ak pi bon ble a.
15 Li voye lòd li sou tè a,
Pawòl li kouri ak anpil vitès.
16 Li bay lanèj tankou lenn mouton,
Li simen glas tankou sann.
17 Li voye lagrèl li yo an ti moso;
Ki moun ki ka kanpe devan fredi li?
18 Li voye pawòl li,
epi li fonn yo,
Li fè van soufle,
epi dlo yo koule.
19 Li fè Jakòb konnen pawòl li,
Li fè Izrayèl konnen prensip li ak règ li.
20 Li pa aji konsa ak tout nasyon yo.
Yo pa konnen règ li yo.
Louwe Letènèl!