Li pran defans moun y ap peze yo
146
Louwe Letènèl!
Nanm mwen,
louwe Letènèl!
2 M ap louwe Letènèl tout tan m ap viv,
M ap selebre Bondye tout tan m egziste.
3 Pa mete konfyans nou nan gran yo,
Nan pitit lòm ki pa ka delivre.
4 Depi lespri yo ale,
yo tounen nan pousyè,
Nan menm jou a,
plan yo peri.
5 Benediksyon pou moun ki gen Bondye Jakòb la kòm sekou,
Ki mete konfyans li nan Letènèl,
Bondye li.
6 Li fè syèl la ak tè a,
Lanmè a ak tout sa ki ladan yo,
Li toujou kenbe fidelite li.
7 Li fè moun y ap peze yo jistis,
Li bay moun ki grangou manje,
Letènèl libere prizonye yo.
8 Letènèl louvri je moun ki avèg,
Letènèl drese moun ki koube,
Letènèl renmen jis yo.
9 Letènèl pwoteje etranje yo,
Li soutni òfelen ak vèv,
Men,
li detounen chemen mechan yo.
10 Letènèl ap gouvène pou letènite,
Siyon,
Bondye w la,
jenerasyon apre jenerasyon!
Louwe Letènèl!