Wayòm ou se yon wayòm ki la pou letènite
145
Yon chan lwanj David te ekri.
M ap egzalte ou,
Bondye mwen,
wa mwen.
M ap beni non ou pou le tan e letènite.
2 M ap beni ou chak jou,
M ap louwe non ou pou le tan e letènite.
 
3 Letènèl gran,
li vrèman merite lwanj,
Ou pa ka sonde grandè li nèt ale.
4 Jenerasyon apre jenerasyon va selebre zèv ou,
Yo va rakonte zèv pisans ou.
5 M ap medite sou ekla glwa ou ak grandè ou,
M ap panse istwa mèvèy ou yo.
6 Yo va pale de pisans ou ki fè moun gen krentif,
M ap rakonte grandè ou.
7 Yo va pwoklame e fè sonje gran bonte ou,
Yo va pwoklame jistis ou byen fò.
 
8 Letènèl fè gras,
li gen konpasyon,
Li pa prese fè kòlè,
li plen ak bonte.
9 Letènèl bon pou tout kreyati,
Konpasyon li kouvri tout zèv li yo.
10 Tout zèv ou yo ap louwe ou,
Letènèl.
Fidèl ou yo ap beni ou.
11 Yo va rakonte glwa wayòm ou,
Yo va pale de pisans ou
12 Pou fè pitit lòm yo konnen pisans ou,
Gran glwa ak gran limyè wayòm ou.
 
13 Wayòm ou se yon wayòm ki la pou tout letènite.
Dominasyon ou dire pandan tout jenerasyon.
14 Letènèl soutni tout moun ki tonbe,
Li drese tout sa yo ki koube.
15 Tout je vire w avèk espwa,
Se ou menm ki ba yo manje nan sezon yo.
16 Ou louvri men ou,
Ou rasazye tout sa k ap viv daprè dezi yo.
17 Letènèl jis nan tout chemen li,
Li fidèl nan tout zèv li yo.
18 Letènèl toupre moun ki envoke l,
Tout moun k ap envoke l ak senserite.
19 Li akonpli dezi moun ki gen krentif pou li,
Li tande kri yo,
li delivre yo.
20 Letènèl prezève tout moun ki renmen li,
Men,
li detui tout mechan yo.
 
21 Bouch mwen va pibliye lwanj Letènèl;
Se pou tout kreyati beni non li ki sen,
Pou le tan e letènite!