Benediksyon pou pèp ki gen Letènèl pou Bondye yo
144
Yon sòm David.
Beniswa Letènèl,
woche mwen
Ki aprann men mwen fè lagè,
Ki montre dwèt mwen batay.
2 Byenfetè mwen,
fòtrès mwen,
Refij mwen,
liberatè mwen,
Boukliye mwen,
plas kote m kache,
Li menm ki fè pèp yo soumèt devan m.
3 Letènèl,
kisa lòm ye pou w konnen l?
Kisa pitit lòm ye pou w panse avè l?
4 Lòm sanble ak yon souf,
Jou l yo tankou lonbraj k ap pase.
5 Letènèl,
bese syèl la,
epi desann!
Touche mòn yo pou yo pouse lafimen!
6 Fè zeklè klere e dispèse tout lènmi m yo!
Lanse flèch ou epi panike yo!
7 Depi anwo a,
lonje men ou,
Delivre m,
rache m nan gwo dlo yo
Anba men pitit etranje yo.
8 Se vanite ase bouch yo pale,
Men dwat yo se men dwat manti.
9 O Bondye,
m ap chante yon kantik nouvo pou ou,
M ap jwe mizik pou ou sou gita dis kòd la.
10 Se li menm ki bay wa yo delivrans,
Ki sove David,
sèvitè li,
anba epe lanmò.
11 Delivre m,
rache m
Anba men pitit etranje yo.
Se vanite ase bouch yo pale,
Men dwat yo se men dwat manti.
12 Pitit gason nou yo tankou plant
Ki grandi nan jenès yo.
Pitit fi nou yo tankou gwo poto atis travay
Ki fè dekorasyon yon palè.
13 Kolonbye nou ranpli,
Yo debòde ak tout kalite pwovizyon,
Mouton ak kabrit nou yo miltipliye pa mil,
Pa dimil (10 000) nan savann nou yo.
14 Bèf nou yo chaje,
Pa gen dezas,
pa gen kaptivite,
Pa gen kriye sou plas nou yo.
15 Benediksyon pou yon pèp,
lè bagay yo konsa pou li!
Benediksyon pou yon pèp ki gen Letènèl pou Bondye li!