Montre m chemen ou
143
Yon sòm David.
Letènèl,
koute priyè mwen,
Tande kri mwen yo!
Reponn mwen nan fidelite w ak jistis ou!
2 Pa antre nan jijman ak sèvitè ou!
Paske,
pa gen pèsonn k ap viv ki jis devan ou.
 
3 Lènmi an pousuiv nanm mwen,
Li foule lavi m atè,
Li fè m abite nan fènwa,
Tankou moun ki mouri depi lontan.
4 Nanm mwen depafini anndan m,
Kè m twouble nan mwen.
5 Mwen sonje tan lontan,
Mwen medite sou tout zèv ou yo,
Mwen reflechi sou travay men ou.
6 Mwen tann men m ba ou,
Nanm mwen swaf ou
Tankou yon tè sèk.
– Poze!
 
7 Letènèl,
prese reponn mwen!
Lespri m ap depafini.
Pa kache fas ou pou mwen!
San sa,
m ap sanble ak moun k ap desann nan twou.
8 Depi granmaten,
fè m tande bonte ou,
Paske,
mwen mete konfyans mwen nan ou.
Fè m konnen chemen kote m dwe mache a,
Paske,
mwen leve nanm mwen ba ou.
9 Letènèl,
delivre m anba lènmi m yo!
Se bò kote w m ap chèche refij.
10 Montre m fè volonte ou,
Paske,
ou se Bondye mwen.
Se pou bon Lespri ou kondui m sou yon tè plat.
11 Letènèl,
poutèt non ou,
fè m viv ankò;
Nan jistis ou,
retire nanm mwen anba detrès.
12 Nan bonte ou,
elimine lènmi m yo,
Detui tout moun k ap peze lavi m yo;
Paske,
mwen se sèvitè ou.