Ou se refij mwen
142
Yon kantik David.
Lè li te nan kav la.
Yon priyè.
2 Avèk vwa m mwen kriye bay Letènèl,
Avèk vwa m mwen chèche favè bò kote Letènèl.
3 Mwen vide plent mwen devan li,
Mwen rakonte l detrès mwen.
4 Lè lespri m febli nan mwen,
Ou menm,
ou konnen chemen an.
Yo kache yon pyèj pou mwen
Sou wout m ap mache a.
5 Gade adwat epi wè,
Pèsonn pa rekonèt mwen.
Pa gen refij pou mwen ankò,
Pèsonn pa enkyete pou lavi m.
 
6 Letènèl,
se ou m ap kriye bay,
Mwen di:
Ou se refij mwen,
Eritaj mwen sou tè moun vivan yo.
7 Tande kri mwen yo byen,
Paske mwen febli anpil.
Delivre m anba moun k ap pousuiv mwen,
Paske yo pi fò pase m.
8 Retire lavi m nan prizon,
Pou m ka louwe non ou.
Jis yo va vin antoure mwen,
Lè ou aji byen avè m.