Mwen vire je m gade Letènèl
141
Yon sòm David.
Letènèl,
m ap rele w;
prese vin kote m.
Koute vwa mwen,
lè mwen rele w!
2 Se pou priyè m tankou lansan devan ou,
Lè m leve men m,
se pou sa tankou ofrann yo fè chak swa.
3 Letènèl,
mete yon gad veye bouch mwen,
Veye sou pòt bouch mwen!
4 Pa kite kè m panche bò bagay mechanste,
Zak koupab ak moun k ap fè inikite;
Pa kite m patisipe nan fèt yo!
5 Kite jis la frape m,
se yon favè;
Kite l pini m,
se luil sou tèt mwen.
Pa kite tèt mwen refize l.
Men,
priyè m ap toujou monte kont mechanste.
6 Se pou yo jete jij pa yo sou flan woche yo.
Lè sa a,
y ap tande pawòl mwen,
paske yo bèl.
7 Tankou lè y ap laboure,
lè y ap fann tè,
Se konsa zo nou gaye nan pòt peyi-mò.
8 Men,
Senyè Letènèl,
se bò kote w mwen vire je m.
Se nan ou mwen jwenn refij;
Pa ekspoze lavi m!
9 Prezève m kont pyèj yo tann pou mwen an,
Kont pèlen moun k ap komèt inikite.
10 Se pou mechan yo tonbe nan pwòp filè yo,
Pandan m ap chape anba l!