Delivre m anba moun ki mechan
140
Pou maestwo koral la.
Yon sòm David.
2 Letènèl,
delivre m anba moun ki mechan!
Pwoteje m kont moun ki vyolan,
3 Moun k ap fè plan mechanste nan kè yo,
Yo toujou ap konplote pou fè lagè.
4 Yo file lang yo tankou lang sèpan,
Yo gen yon pwazon sèpan aspik nan bouch yo.
– Poze!
5 Letènèl,
pwoteje m kont men mechan yo,
Kenbe m kont moun k ap fè vyolans,
K ap fè plan pou fè m tonbe!
6 Awogan yo tann yon pyèj pou mwen;
Yo tann pèlen kòd sou tout chemen an,
Yo tann pyèj pou mwen.
– Poze!
7 Mwen di Letènèl:
Ou se Bondye mwen!
Letènèl,
koute bri plent mwen yo!
8 Letènèl,
Senyè:
Ou se fòs delivrans mwen,
Ou kouvri tèt mwen nan jou batay la.
9 Letènèl,
pa bay mechan an sa l dezire,
Pa kite pwojè l yo reyisi pou l pa vante tèt li!
– Poze!
10 Se pou mechanste yo te di a tonbe sou tèt yo,
Moun ki fè laviwonn mwen yo.
11 Se pou chabon dife tonbe sou yo,
Se pou yo jete yo nan dife,
Nan labim kote yo p ap leve ankò!
12 Pa kite moun ki gen lang manti tabli sou latè,
Se pou malè chase moun vyolan sanzatann!
13 Mwen konnen Letènèl fè malere a jistis.
Li fè pòv la jistis.
14 Wi,
jis yo ap louwe non ou,
Moun ki dwat yo ap rete devan fas ou.