Letènèl antoure mwen
139
Pou maestwo koral la.
Yon sòm David.
Letènèl,
ou sonde m,
Ou konnen m.
2 Ou konnen ni lè m chita ni lè m leve.
Menm byen lwen,
ou konprann panse m.
3 Ou konnen ni lè m mache ni lè m kouche,
Ou abitye ak tout chemen mwen.
4 Paske,
pawòl la poko menm sou lang mwen;
Gade!
Letènèl,
ou konnen l nèt.
5 Ou antoure m ni devan ni dèyè,
Ou mete men ou sou mwen.
6 Yon konesans konsa twò mèvèye pou mwen,
Li twò wo pou mwen ta kenbe l.
7 Ki bò pou m ta ale pou m ta lwen Lespri ou?
Ki bò pou m ta kouri pou m ta lwen fas ou?
8 Si mwen monte nan syèl,
ou la;
Si mwen kouche nan peyi-mò,
men ou!
9 Si mwen pran zèl granmaten,
Si m al abite nan dènye bout lanmè,
10 La tou,
men w ap dirije m,
Men dwat ou ap soutni m.
11 Si mwen di:
Omwens fènwa ap kouvri m,
Lannuit tounen limyè toutotou mwen;
12 Menm fènwa pa fè nwa pou ou,
Lannuit klere kon lajounen,
Fènwa klere tankou limyè.
13 Se ou ki fòme ren mwen,
Ou te trese m nan vant manman m.
14 M ap louwe w,
paske m se yon kreyati admirab e mèvèye;
Travay ou se mèvèy.
E nanm mwen konnen sa byen.
15 Zo m yo pa t kache devan ou
Lè mwen te fèt nan yon lye sekrè,
Lè mwen te trese nan fon latè.
16 Lè mwen te yon mas san fòm,
ou te wè mwen;
Tout jou ou te fikse pou mwen yo te enskri nan liv ou,
Anvan youn ladan yo te egziste.
17 Ala gran valè panse ou yo gen pou mwen,
Bondye,
Ala anpil kantite yo anpil!
18 Si mwen konte yo,
Yo pi plis pase sab bò lanmè.
Mwen reveye e mwen toujou avè w.
19 O Bondye,
si w te fè mechan an mouri!
Retire nou bò kote m,
nou menm k ap fè san koule!
20 Yo pale sou ou ak mechanste,
Lènmi ou yo pran non ou pou yo fè manti.
21 Letènèl,
èske m pa dwe rayi moun ki rayi ou,
Gen degoutans pou moun ki leve kont ou?
22 Mwen rayi yo yon dènye rayi,
Se lènmi yo devni pou mwen.
23 Sonde m,
Bondye,
konnen kè m!
Teste m e konnen panse ki domine m!
24 Gade si m sou yon move chemen,
Mennen m sou chemen letènite!