M ap louwe non ou
138
Yon sòm David.
M ap louwe ou ak tout kè m,
M ap chante pou ou devan dye yo.
2 M ap koube nan direksyon tanp ou a ki sen,
M ap louwe non ou pou bonte ou ak fidelite ou.
Ou fè pwomès ou pi gran pase tout renome ou.
3 Jou mwen te envoke w,
ou te reponn mwen.
Ou ban mwen fòs ak kouraj.
 
4 Letènèl,
tout wa sou latè pral louwe ou,
Pandan y ap tande pawòl ki soti nan bouch ou.
5 Yo va chante daprè fason Letènèl,
Paske,
glwa Letènèl gran.
6 Letènèl byen wo,
Men,
li wè moun ki ba yo,
Menm byen lwen,
li rekonèt awogan yo.
 
7 Menm lè m ap mache nan mitan detrès mwen,
ou ban m lavi;
Ou lonje men ou sou kòlè lènmi m yo,
Men dwat ou sove mwen.
8 Letènèl ap fè tout bagay fini byen pou mwen;
Letènèl,
mizerikòd ou p ap janm fini,
Pa abandone travay men ou!