Pwovèb
Bi pwovèb yo
1
Pwovèb Salomon,
pitit David,
wa Izrayèl:
2 Pou moun ka konnen lasajès ak enstriksyon.
Pou yo ka konprann pawòl entèlijans;
3 Pou moun ka resevwa enstriksyon ki gen bon sans,
Ki gen ladwati,
jistis ak entegrite.
4 Pou bay moun sòt entèlijans,
Pou bay jèn gason konesans ak bon konprann.
5 Se pou moun ki saj tande,
pou l ogmante konesans li;
Se pou moun ki konprann vin gen bon konduit,
6 Pou l ka konprann pwovèb oubyen parabòl,
Pawòl moun ki saj ak devinèt.
7 Krentif pou Letènèl se kòmansman konesans,
Men,
moun san konprann meprize lasajès ak disiplin.
Move zanmi
8 Pitit mwen,
tande enstriksyon papa ou,
Pa abandone ansèyman manman ou.
9 Paske,
yo se kouwòn gras sou tèt ou,
Yo se kolye pou kou ou.
10 Pitit mwen,
si moun k ap peche vle twonpe ou,
Pinga ou aksepte.
11 Si yo di w:
Vin ak nou!
Annou tann anbiskad pou nou vèse san;
Annou tann pyèj san rezon pou inosan.
12 Ann vale yo tou vivan tankou peyi-mò,
Ann vale tout ankè tankou moun k ap desann nan twou.
13 N ap jwenn tout kalite bèl richès,
N ap ranpli kay nou ak bagay nou pran.
14 W ap jwenn pòsyon pa w nan mitan nou,
Se yon sèl bous k ap gen pou nou tout.
15 Pitit mwen,
pa mache nan wout ak yo,
Kenbe pye ou lwen chemen yo.
16 Paske,
pye yo kouri pou yo fè mal,
Yo prese pou yo vèse san.
17 Se anven moun mete pèlen
Devan je bèt ki gen zèl.
18 Se kont pwòp san yo,
yo tann anbiskad,
Se kont pwòp lavi yo,
yo tann pyèj.
19 Se konsa chemen tout moun ki pran byen nan fè vyolans ye;
Lanvi retire lavi moun ki genyen l.
Lasajès ap rele moun
20 Lasajès ap rele nan lari,
Li leve vwa l sou plas piblik yo.
21 L ap rele nan kalfou ki gen bri,
L ap fè tande pawòl li nan antre pòtay vil yo:
22 Moun sòt,
kilè n a sispann renmen bagay san sans?
Kilè mokè yo ap sispann pran plezi pase moun nan betiz?
Kilè moun egare yo ap sispann rayi konesans?
23 Tounen vin koute reprimand mwen yo!
Gade!
M ap simaye lespri m sou nou,
M ap fè nou konnen pawòl mwen yo.
24 Pliske mwen rele nou,
nou derefize,
Pliske mwen lonje men m,
pèsonn pa okipe m,
25 Pliske nou rejte tout konsèy mwen yo,
Pliske nou pa aksepte reprimand mwen yo,
26 Mwen menm tou,
m ap ri nou,
lè nou nan malè;
M ap pase nou nan rizib,
lè latèrè vini sou nou.
27 Lè latèrè rive sou nou tankou yon tanpèt,
Lè malè rive sou nou tankou yon toubiyon,
Lè kè sote ak detrès rive sou nou.
28 Lè sa a y ap rele m,
men,
mwen p ap reponn;
Y ap chèche m,
men yo p ap jwenn mwen.
29 Paske,
yo te rayi konesans;
Paske,
yo pa t chwazi gen krentif pou Letènèl.
30 Yo pa t vle konsèy mwen yo,
Yo te meprize tout reprimand mwen yo.
31 Konsa,
y ap manje fwi konpòtman yo,
Y ap rasazye ak pwòp move plan yo.
32 Paske,
se egare moun sòt yo ki tiye yo,
Se neglijans moun egare yo ki detui yo.
33 Men,
moun ki koute m,
ap viv nan sekirite,
L ap abite trankil san l pa pè malè.