Valè lasajès genyen
2
Pitit mwen,
si ou resevwa pawòl mwen,
Si ou sere kòmandman m yo anndan ou;
2 Si ou pare zòrèy ou pou lasajès,
Si ou panche kè w bò kote entèlijans;
3 Wi,
si ou rele entèlijans,
Si ou leve vwa ou bay bon konprann;
4 Si ou chèche l tankou lajan,
Si ou chèche l byen tankou trezò kache,
5 Konsa w ap konprann krentif pou Letènèl,
W ap jwenn konesans Bondye.
6 Paske,
Letènèl bay lasajès,
Konesans ak entèlijans soti nan bouch li.
7 Li sere pwovizyon pou moun ki dwat,
Li se yon boukliye pou moun ki mache san repwòch.
8 Li pwoteje chemen jistis,
Li veye sou wout fidèl li yo.
9 Lè sa a,
w ap konprann ladwati ak jistis
Entegrite ak tout wout ki mennen nan bonè.
10 Paske,
lasajès ap vin nan kè ou,
Konesans ap pran plezi nan nanm ou.
11 Bon konprann ap veye sou ou,
Entèlijans ap pwoteje ou,
12 Pou delivre ou nan chemen malè,
Anba moun k ap pale pawòl kòripsyon,
13 Moun ki abandone wout ladwati
Pou mache nan chemen fènwa,
14 Moun ki kontan nan fè mal,
Moun ki rejwi anpil nan kòripsyon,
15 Moun ki suiv wout detounen,
Ak moun ki pran chemen kwochi.
16 Lasajès ap delivre ou anba fi deregle,
Anba fi etranj k ap di pawòl dous,
17 Fi ki abandone zanmi pwòch li genyen depi lè l te jèn,
Ki bliye alyans Bondye li.
18 Paske,
kay li panche bò kote lanmò,
Wout li mennen kote lespri defen yo ye.
19 Pa gen pèsonn ki al jwenn li ki tounen,
Ni ki jwenn chemen lavi ankò.
20 Konsa,
se pou w mache nan chemen moun debyen.
Se pou w kenbe chemen moun jis yo.
21 Paske,
se jis yo k ap abite nan peyi a.
Se moun ki san repwòch k ap rete ladan l.
22 Men,
mechan yo ap disparèt nan peyi a,
Y ap derasinen moun trèt yo ladan.