Obeyisans ak konfyans nan Bondye
3
Pitit mwen,
pa bliye ansèyman mwen,
Kite kè w kenbe kòmandman mwen.
2 Paske,
y ap ogmante longè jou ou yo,
Ane lavi ou ak lapè ou.
3 Pa kite fidelite ak verite abandone ou;
Mare yo nan kou ou,
ekri yo sou tab kè ou.
4 Konsa w ap jwenn favè ak bon sans
Devan Bondye ak devan lèzòm.
5 Mete konfyans ou nan Letènèl ak tout kè w,
Pa apiye ou sou pwòp entèlijans ou.
6 Rekonèt li nan tout chemen ou,
Epi l ap plani wout ou.
7 Pa mete nan tèt ou ou saj,
Gen krentif pou Letènèl,
vire kite sa ki mal.
8 Sa va yon gerizon pou po ou,
Yon rafrechisman pou zo w.
9 Onore Letènèl ak byen ou,
Ak premye fwi tout rekòt ou yo.
10 Konsa kolonbye ou ap ranpli ann abondans,
Barik ou yo ap debòde ak diven nèf.
11 Pitit mwen,
lè Letènèl ap korije w,
pa meprize sa.
Pa rayi lè l fè w obsèvasyon.
12 Paske,
Letènèl korije moun li renmen,
Tankou yon papa korije pitit li renmen.
Byenfè lasajès
13 Benediksyon pou moun ki jwenn lasajès,
Pou moun ki vin gen entèlijans.
14 Paske,
benefis li bay pi bon pase benefis lajan,
Li rapòte plis pase lò.
15 Li vo plis pase bijou,
Pa gen anyen sa ou ta ka dezire ki ka konpare l.
16 Gen yon vi ki long nan men dwat li,
Gen richès ak onè nan men goch li.
17 Chemen li se chemen bonè,
Tout wout li se lapè.
18 Li se yon pyebwa lavi pou moun ki kenbe l fèm,
Moun ki kenbe l beni.
19 Se avèk lasajès Letènèl te fonde latè,
Se avèk entèlijans li tabli syèl la.
20 Se ak konesans li labim yo te louvri,
Epi nyaj yo degoute lawouze.
21 Pitit mwen,
pa kite je w ale lwen bagay sa yo,
Kenbe lasajès ak bon jijman.
22 Yo va lavi pou nanm ou,
Yo va dekorasyon nan kou w.
23 Konsa w a mache an sekirite nan chemen w,
Pye ou p ap frape.
24 Lè ou kouche,
ou p ap pè,
W ap kouche,
w ap dòmi dous.
25 Pa pè latèrè ki ka vini sanzatann,
Ni atak mechan lè sa rive.
26 Paske,
Letènèl ap asirans ou,
L ap prezève pye w kont tout pyèj.
27 Pa refize yon byenfè a moun ki merite sa,
Lè ou gen kapasite pou fè sa.
28 Pa di pwochen ou:
Ale,
w a tounen.
Demen m a ba ou!
lè ou gen kichòy pou ba li.
29 Pa fè move plan kont pwochen ou,
Lè li abite trankil bò kote ou.
30 Pa fè kont ak yon moun san rezon,
Lè li pa fè w anyen ki mal.
31 Pa anvye sò moun ki vyolan,
Pa chwazi okenn nan chemen l yo.
32 Paske,
moun kòwonpi se abominasyon devan Letènèl,
Men,
konsèy espesyal li se pou moun ki dwat.
33 Malediksyon Letènèl rete kay mechan an,
Men,
li beni kote jis yo rete.
34 Li pase mokè yo nan rizib,
Li fè moun ki malere yo gras.
35 Moun ki saj yo ap eritye lagwa;
Men,
l ap ogmante lawont moun egare yo.