Lenstriksyon yon papa bay
4
Pitit mwen yo,
tande enstriksyon yon papa,
Pare zòrèy nou pou n konnen entèlijans.
2 Paske,
m ap ba nou bon konesans,
Pa rejte ansèyman mwen.
3 Mwen te yon pitit gason pou papa m,
Mwen te chè,
san parèy pou manman m.
4 Lè sa a li te konn enstui m,
e li te konn di m:
Se pou kenbe pawòl mwen nan kè w;
Kenbe kòmandman mwen yo,
epi w ap viv.
5 Chèche gen lasajès,
chèche gen entèlijans,
Pa bliye,
pa detounen w de pawòl bouch mwen.
6 Pa abandone l,
epi l ap kenbe w,
Renmen l,
epi l ap pwoteje w.
7 Lasajès se premye bagay:
Chèche gen lasajès.
Chèche gen entèlijans ak tout sa ou genyen.
8 Mete l wo,
l ap leve w wo,
L ap onore w,
si ou anbrase l.
9 L ap mete yon riban gras sou tèt ou,
L ap dekore ou ak yon bèl kouwòn.
10 Pitit mwen,
tande m e resevwa pawòl mwen yo,
Ane lavi w yo ap miltipliye.
11 Mwen montre ou chemen lasajès,
Mwen mennen ou sou wout ladwati.
12 Lè w ap mache,
ou p ap jennen;
Si w ap kouri,
ou p ap bite.
13 Kenbe enstriksyon fèm,
pa lage l;
Kenbe l,
paske li se lavi ou.
14 Pa antre sou wout mechan yo,
Pa vanse sou chemen move moun yo.
15 Evite l,
pa pase la,
Detounen w de li,
pase lòt kote.
16 Paske,
yo pa t ap dòmi,
si yo pa t fè mal la;
Yo pa t ap gen dòmi,
si yo pa t fè pèsonn tonbe.
17 Paske,
mechan yo manje pen mechanste,
Yo bwè diven vyolans.
18 Chemen jis yo tankou limyè granmaten,
Limyè a kontinye briye jiskaske li fè jou nèt.
19 Chemen mechan yo tankou fènwa,
Yo pa konnen sa k ap fè yo bite.
20 Pitit mwen,
mete ou prè pou pawòl mwen;
Pare zòrèy ou pou tande mesaj mwen yo.
21 Pa kite yo ale lwen je ou,
Kenbe yo nan fon kè ou.
22 Paske,
yo se lavi pou moun ki jwenn yo,
Se lasante pou tout kò yo.
23 Veye kè ou plis pase tout lòt bagay,
Paske,
se li ki tout sous lavi.
24 Mete manti lwen bouch ou,
Mete pawòl kwochi lwen bouch ou.
25 Kite je w gade devan,
Kite popyè je w fikse dwat devan.
26 Plani wout ou pase,
Se pou tout chemen w byen tabli.
27 Pa vire ni adwat ni agoch,
Detounen pye w de sa ki mal.