Avètisman kont imoralite
5
Pitit mwen,
tande sajès mwen byen,
Louvri zòrèy ou pou w koute entèlijans mwen,
2 Pou w ka konsève bon konprann.
Pou bouch ou ka kenbe konesans.
3 Paske,
bouch fi deregle a koule siwo myèl,
Pawòl li pi swa pase luil;
4 Men apre,
li anmè kon fyèl,
Li file tankou yon epe file debò.
5 Pye l desann kay lanmò,
Mach li rive nan peyi-mò.
6 Li pa konsidere chemen lavi,
Tras wout li kwochi san l pa konnen.
7 Kounye a,
pitit mwen yo,
tande m,
Pa pase akote pawòl bouch mwen.
8 Fè chemen w pase lwen li,
Pa pwoche bò pòt kay li,
9 Pou pa fè lòt moun kado fòs ou,
Pou pa fè yon nonm kriyèl kado ane w yo;
10 Pou etranje pa rasazye ak byen ou
Ak pwodui travay ou lakay lòt moun;
11 Pou w pa jemi lè w prèske mouri,
Lè kò w ak chè w ap depafini;
12 Pou w pa di:
Kòman m te fè rayi disiplin konsa?
Kòman m te fè meprize reprimand konsa?
13 Kòman m fè pa t tande vwa pwofesè m yo?
Kòman m fè pat louvri zòrèy mwen bay moun ki t ap enstui m yo?
14 Mwen te prèske rive nan malè total,
Nan mitan asanble a ak kominote a.
15 Bwè dlo nan sitèn pa ou,
Dlo ki soti nan pi pa ou.
16 Èske sous ou ta dwe koule deyò?
Èske rivyè ou ta dwe koule sou plas piblik?
17 Se pou ou menm sèl pou yo ye,
Etranje pa dwe posede yo avè w.
18 Se pou sous ou beni,
Se pou w kontan ak fi ou te marye depi lè ou te jèn nan.
19 Li tankou yon bèl bich,
yon gazèl byen anfòm;
Se pou pwatrin li toujou satisfè ou,
Se pou w toujou pèdi nan lamou li.
20 Ebyen,
pitit mwen,
poukisa pou ta pèdi nan yon fi etranj?
Poukisa pou w ta anbrase sen yon fi etranje?
21 Paske,
chemen lòm yo devan je Letènèl,
Letènèl ap obsève tout wout li yo.
22 Mechan an pèdi nan pwòp inikite l yo,
Se kòd peche l yo menm ki mare l.
23 L ap mouri,
paske li pa gen disiplin;
L ap pèdi chemen nan eksè foli l.