Konsèy pou lavi chak jou
6
Pitit mwen,
si ou te bay garanti pou pwochen ou,
Si ou te pran angajman pou yon etranje,
2 Si ou te angaje tèt ou ak pawòl bouch ou,
Si ou pri pa pawòl bouch ou,
3 Alò,
men sa pou w fè,
pitit mwen,
pou libere tèt ou,
Pliske ou vin anba pouvwa pwochen w lan.
Ale,
imilye w,
e soupriye pwochen ou lan anpil,
4 Pa kite je w dòmi,
Ni pa kite popyè je w kabicha;
5 Libere tèt ou tankou gazèl nan men chase,
Tankou zwazo nan men moun ki tann pèlen.
6 Ou menm parese,
al kote foumi;
Gade fason yo,
epi vin saj.
7 Foumi pa gen kapitèn,
Li pa gen siveyan,
ni gouvènè.
8 Pandan lete,
li prepare manje l.
Pandan rekòt la,
li ranmase dekwa pou l manje.
9 Parese,
kilè w ap sispann rete kouche?
Kilè w ap leve nan dòmi?
10 Yon ti dòmi,
yon ti lasoupi,
Yon ti kwaze men pou dòmi!
...
11 Epi povrete ap vin sou ou tankou yon vagabon,
Dizèt ap vin sou ou tankou yon nonm ame.
12 Voryen an se yon nonm mechan,
L ap mache ak manti nan bouch li.
13 Li tenyen je l,
li pale ak pye l,
Li fè siy ak dwèt li.
14 Kòripsyon nan kè li,
Se tout tan l ap medite sou mal,
Li simen diskòd.
15 Se konsa dezas li ap rive sanzatann,
Sibitman y ap kraze l san remèd.
16 Gen sis bagay Letènèl rayi,
E menm sèt bagay ki se abominasyon pou li:
17 Je awogan,
lang k ap bay manti,
Men k ap fè san inosan koule,
18 Kè k ap planifye pwojè inikite,
Pye k ap prese kouri pou fè mal.
19 Fo temwen k ap fè manti,
Epi moun k ap simen diskòd nan mitan frè.
Avètisman kont imoralite
20 Pitit mwen,
kenbe kòmandman papa ou,
Pa voye ansèyman manman ou jete.
21 Tache yo tout tan sou kè w,
Mare yo toutotou kou w.
22 Y ap dirije w,
lè w ap mache;
Y ap kenbe w,
lè w ap dòmi;
Y ap pale avè ou,
lè ou reveye.
23 Paske,
kòmandman se yon lanp,
Ansèyman se yon limyè.
Reprimand koreksyon se chemen lavi.
24 Y ap prezève ou kont fi adiltè,
Kont lang dous fi etranj.
25 Pa konvwate l nan kè w poutèt li bèl,
Pa kite l pran w ak popyè je li.
26 Poutèt yon fi pwostitiye ou ka vin gen yon moso pen sèlman,
Men,
madanm yon lòt nonm tann pyèj pou lavi ki san pri.
27 Èske yon moun ka mete dife sou lestomak li
San rad li pa pran dife?
28 Èske yon moun ka mache sou chabon dife
San pye l pa boule?
29 Se menm jan an pou yon nonm ki kouche ak madanm pwochen li;
Pèsonn ki touche l p ap rete san pinisyon.
30 Moun pa meprize yon vòlè,
Si li vòlè pou l satisfè lestomak li lè l grangou;
31 Epoutan si yo kenbe l,
l ap remèt sèt fwa lavalè,
L ap bay tout sa l gen lakay li.
32 Men,
moun ki komèt adiltè ak yon fi se moun san konprann;
Moun ki fè sa ap detui lavi l.
33 Se maleng ak dezonè l ap jwenn,
Epi lawont li p ap janm pase;
34 Paske,
jalouzi fè yon nonm fè kòlè,
Li p ap epànye pèsonn nan jou vanjans.
35 Li p ap aksepte okenn rekonpans,
Li p ap dakò,
menm si ou miltipliye kado yo.