12
Moun ki renmen koreksyon renmen konesans,
Men,
moun ki rayi reprimand brital.
2 Moun debyen jwenn favè nan men Letènèl,
Men,
li kondane moun k ap fè plan mechanste.
3 Pèsonn pa ka tabli nan mechanste,
Men,
rasin jis yo p ap brannen.
4 Yon bon madanm se kouwòn mari li,
Men,
yon madanm ki fè wont se yon manjezon nan zo l.
5 Tout panse moun ki jis se ladwati,
Men,
konplo mechan yo se twonpe moun.
6 Pawòl mechan an se pyèj pou vèse san,
Men,
bouch moun ki dwat delivre tèt yo.
7 Mechan yo chavire,
yo pa la ankò;
Men,
kay jis yo rete kanpe.
8 Yo fè lwanj yon nonm pou sajès li,
Men,
yo meprize moun kè kòwonpi.
9 Pito ou viv senp epi ou gen yon sèvitè,
Pase pou w ap viv gran vi epi ou manke manje.
10 Jis la pran swen bèt li gade,
Men,
zantray mechan yo kriyèl.
11 Moun ki travay jaden li rasazye ak manje,
Men,
moun k ap pousuiv vanite se moun san konprann.
12 Mechan an anvi sa mechan yo pran nan filè yo,
Men,
rasin jis la pote fwi.
13 Mechan an pran nan pyèj peche bouch li,
Men,
jis la ap soti nan detrès.
14 Li rasazye ak byen grasa fwi bouch li,
Chak moun jwenn daprè travay men yo.
15 Chemen moun san konprann parèt dwat nan je pa li,
Men,
moun ki koute konsèy se moun saj.
16 Moun san konprann kite moun wè kòlè li tousuit,
Men,
moun ki kache yon wont se moun ki pridan.
17 Moun ki di verite fè konnen jistis,
Men,
fo temwen an twonpe moun.
18 Moun ki pale rèd blese tankou yon epe file.
Men,
lang saj yo pote gerizon.
19 Bouch ki pale verite fèm pou tout tan,
Men lang k ap bay manti la pou yon ti tan.
20 Twonpri rete nan kè moun k ap medite mal,
Men,
lajwa se pou moun ki bay konsèy lapè.
21 Okenn malè pa rive jis la,
Men,
mechan yo konble ak malè.
22 Moun k ap bay manti se abominasyon devan Letènèl,
Men,
li pran plezi nan moun ki aji daprè laverite.
23 Moun ki pridan kache konesans li,
Men,
kè moun san konprann yo fè konnen foli.
24 Men moun aktif yo ap domine,
Men,
men ki parese ap rive nan fè kòve.
25 Enkyetid nan kè lòm akable l,
Men,
yon bon pawòl rejwi moun.
26 Jis la montre pwochen l bon chemen,
Men,
chemen mechan yo fè yo egare.
27 Parese a pa boukannen jibye li,
Men,
byen lòm genyen ki gen valè,
se lè l aktif.
28 Lavi se nan chemen jistis li ye,
E chemen sa a se chemen ki pa mennen nan lanmò.