Senyè tout latè a
97
Letènèl ap reye.
Se pou latè rejwi anpil.
Se pou anpil zile yo rejwi!
2 Nyaj ak fènwa antoure l.
Twòn li chita sou jistis ak dwa.
3 Dife soti devan li,
Li boule advèsè l yo toutotou.
4 Zeklè l yo klere lemonn,
Latè wè li,
li tranble.
5 Mòn yo fonn tankou lasi devan Letènèl,
Devan Senyè tout latè a.
6 Syèl la rakonte jistis li.
Tout pèp yo wè glwa li.
 
7 Yo nan lawont,
Tout moun ki sèvi estati,
Moun ki vante tèt yo nan fo dye.
Se pou tout dye yo koube devan Letènèl.
8 O Letènèl,
Siyon tande l,
yo rejwi.
Fi Jida yo nan gwo kontantman,
Pou tèt jijman ou yo.
9 Paske,
ou menm Letènèl,
ou se Bondye Trè Wo sou tout latè.
Ou leve byen wo sou tout dye yo.
 
10 Nou menm ki renmen Letènèl,
rayi sa ki mal!
Li gade nanm fidèl li yo,
Li delivre yo anba men mechan yo.
11 Limyè simen pou jis yo,
Lajwa simen pou moun ki gen kè yo dwat.
12 Nou menm ki jis,
rejwi nou nan Letènèl,
Selebre non li ki sen!