Fè bri kontantman devan Letènèl
98
Yon sòm.
Chante yon kantik nouvo pou Letènèl,
Paske,
li fè mirak!
Li delivre ak men dwat li ak ponyèt li ki sen.
2 Letènèl te fè konnen delivrans li,
Li te montre jistis li devan je nasyon yo.
3 Li sonje bonte li ak fidelite li pou mezon Izrayèl,
Tout nasyon wè delivrans Bondye nou an.
4 Tout moun sou latè,
fè bri kontantman devan Letènèl!
Fè bri kontantman,
rejwi,
chante!
5 Chante pou Letènèl ak hap,
Ak hap chante kantik.
6 Ak twonpèt ak son kòn,
Fè bri kontantman devan Letènèl,
wa a!
7 Se pou lanmè a sonnen ak tout sa ki ranpli l.
Se pou lemonn sonnen ak sa ki abite ladan.
8 Se pou flèv yo bat men,
Se pou mòn yo fè bri kontantman tou,
9 Devan Letènèl.
Paske,
l ap vini pou l jije latè.
L ap jije lemonn ak jistis,
L ap jije pèp yo nan ladwati.