Se pou yo selebre non ou
99
Letènèl ap reye,
pèp yo tranble.
Li chita sou cheriben yo,
latè sekwe.
2 Letènèl gran nan Siyon,
Li leve sou tèt tout pèp yo.
3 Se pou yo selebre non li ki gran,
ki terib!
Li sen!
4 Wa a pisan,
li renmen lajistis.
– Se ou menm ki tabli la jistis.
Se ou menm ki egzekite jijman ak ladwati nan Jakòb. –
5 Egzalte Letènèl,
Bondye nou an,
Pwostène nou devan machpye li!
Li sen!
 
6 Moyiz ak Aawon pami sakrifikatè l yo,
Samyèl pami moun k ap envoke non l yo.
Yo envoke Letènèl,
li reponn yo.
7 Li pale ak yo nan kolonn nyaj yo,
Yo kenbe temwayaj li yo ak prensip li te ba yo.
8 Letènèl,
Bondye nou,
ou te reponn yo.
Pou yo,
ou te yon Bondye ki padone,
Men,
ki pini fot yo fè.
9 Egzalte Letènèl,
Bondye nou an,
Pwostène sou montay li a ki sen.
Paske,
Letènèl,
Bondye nou an,
sen.