Nou se pèp li
100
Yon sòm rekonesans.
Tout moun sou latè,
Fè bri kontantman devan Letènèl!
2 Sèvi Letènèl ak jwa,
Vini devan l ak gwo kontantman!
3 Konnen se Letènèl ki Bondye,
Se li ki fè nou,
se pou li nou ye.
Nou se pèp li,
mouton patiraj li.
4 Antre nan pòtay li ak remèsiman,
Antre nan lakou l ak chan lwanj!
Selebre Letènèl,
beni non li!
5 Paske,
Letènèl bon,
Bonte l dire tout tan.
Fidelite l dire jenerasyon apre jenerasyon.