Konsidere chemen ki dwat la
101
Yon sòm David.
M ap chante fidelite ak jistis;
Letènèl,
se pou ou m ap chante.
 
2 M ap konsidere chemen ki san repwòch la.
Kilè w ap vin kote m?
M ap mache daprè entegrite kè mwen,
Pami moun lakay mwen.
3 Mwen p ap mete bagay mechanste devan je mwen.
Mwen rayi konpòtman enfidèl yo,
Mwen p ap atache avè l.
4 Moun kè pèvèti yo ap rete lwen mwen.
Mwen p ap konnen sa ki mal.
5 Moun k ap pale pwochen yo mal an sekrè,
M ap detui l;
Moun ki gen je awogans ak kè anfle,
Mwen p ap sipòte l.
 
6 M ap gen je m fikse sou moun fidèl nan peyi a,
Pou yo demere avè m.
Moun ki mache nan chemen san repwòch,
Se li ki va sèvi m.
 
7 Moun k ap twonpe moun
P ap abite anndan kay mwen.
Moun k ap bay manti
P ap kontinye rete devan je m.
8 Chak maten m ap detui tout mechan nan peyi a,
Pou retire tout moun k ap komèt inikite
Nan vil Letènèl la.