Nan jou detrès mwen
102
Priyè yon malere,
lè li fèb,
lè li pote plent li yo devan Letènèl.
2 Letènèl,
tande priyè m;
Kite kri mwen yo rive devan ou!
3 Pa kache fas ou pou mwen nan jou detrès mwen!
Panche zòrèy ou bò kote m jou mwen rele!
Prese reponn mwen!
4 Paske,
jou m yo ap fini tankou lafimen;
Zo m yo ap boule tankou yon chabon dife.
5 Kè m frape,
li seche tankou zèb;
Menm manje m mwen bliye manje.
6 Plenn mwen yo tèlman rèd
Menm zo m yo kole ak po mwen.
7 Mwen sanble ak grangozye nan dezè;
Mwen tankou frize nan tè dezole.
8 M ap veye,
Mwen tankou yon zwazo ki pou kont li sou do kay.
9 Chak jou lènmi m yo ap joure m;
Moun k ap moke m yo pran non m pou fè sèman.
10 Mwen manje sann olye de pen,
Mwen mele sa m bwè ak dlo je m
11 Akòz endiyasyon ou ak kòlè ou,
Paske,
ou leve m wo pou jete m lwen.
12 Jou m yo tankou yon lonbraj k ap lonje,
Mwen vin sèch tankou zèb.
 
13 Men,
ou menm Letènèl,
ou ap reye pou tout tan.
Memwa ou dire jenerasyon apre jenerasyon.
14 W ap leve,
w ap gen pitye pou Siyon,
Paske,
tan pou fè gras la,
tan ki te fikse a,
rive.
15 Paske,
sèvitè w yo renmen wòch Siyon yo,
Yo gen pitye pou pousyè li.
 
16 Epi nasyon yo pral gen krentif pou non Letènèl;
Tout wa latè yo pral gen krentif pou glwa ou.
17 Wi,
Letènèl ap rebati Siyon;
L ap parèt nan glwa li.
18 L ap reponn priyè moun ki mizerab,
Li pa meprize priyè yo.
19 Se pou yo ekri sa pou jenerasyon k ap vini an,
Se pou pèp Letènèl va kreye a louwe Letènèl.
20 Paske,
depi anwo nan plas li a ki sen,
Letènèl gade anba;
Depi nan syèl la,
Letènèl gade sou latè,
21 Pou l tande plenn prizonye yo,
Pou l delivre sila yo ki prèt pou mouri,
22 Pou yo pibliye non Letènèl nan Siyon,
Epi lwanj li nan Jerizalèm,
23 Lè pèp yo va rasanble,
Lè tout wayòm yo rasanble pou sèvi Letènèl.
 
24 Li febli fòs mwen nan chemen an,
Li diminye nan jou m yo.
25 Mwen di:
Bondye mwen,
pa retire mwatye nan jou m yo;
Ane w yo la jenerasyon apre jenerasyon.
26 O kòmansman,
se ou menm ki te poze fondasyon latè.
E,
syèl la,
se travay men ou fè.
27 Y ap peri,
men ou menm,
w ap rete.
Yo tout ap ize tankou rad,
W ap chanje yo tankou wòb epi y ap pase.
28 Men,
ou menm,
ou rete menm jan an,
E,
ane ou yo p ap bout.
29 Pitit sèvitè ou yo ap kontinye,
Desandans yo ap vin fèm devan ou.