Bondye padone inikite nou yo
103
Yon sòm David.
Nanm mwen,
beni Letènèl!
Tout sa ki nan mwen,
beni non li ki sen!
2 Nanm mwen,
beni Letènèl!
Pa bliye okenn nan byenfè li yo.
3 Se li menm ki padone tout inikite w yo,
Ki geri tout maladi w yo.
4 Se li menm ki rachte lavi w nan bouch twou,
Ki kouwone w ak bonte epi konpasyon.
5 Se li menm ki satisfè w yo ak bon bagay.
Ki fè w rajeni tankou malfini.
 
6 Letènèl fè moun jistis,
Li fè tout moun y ap peze yo dwa.
7 Li fè Moyiz konnen chemen li,
Li fè pitit Izrayèl yo konnen zèv li.
8 Letènèl gen konpasyon ak gras,
Li pran tan pou l fè kòlè,
li plen bonte.
9 Li pa akize san rete,
Li pa kenbe kòlè l pou tout tan.
10 Li pa trete nou daprè peche nou yo,
Li pa pini nou daprè inikite nou yo.
11 Men,
menm jan syèl la lwen anwo tè a,
Se konsa bonte li gran pou moun ki gen krentif pou li.
12 Menm jan kote solèy leve byen lwen kote solèy kouche,
Se konsa li voye rebelyon nou yo jete lwen nou.
13 Menm jan yon papa gen konpasyon pou pitit li,
Se konsa Letènèl gen konpasyon pou moun ki gen krentif pou li.
14 Paske,
Letènèl konnen ak kisa nou fèt,
Li sonje se pousyè nou ye.
 
15 Pou lòm,
jou l yo tankou zèb.
Li fleri tankou flè savann.
16 Lè yon van pase sou li,
li pa la ankò.
Plas li te ye a pa rekonèt li ankò.
17 Men,
bonte Letènèl dire pou letènite pou moun ki gen krentif pou li,
Jistis li dire pou tout pitit pitit yo,
18 Pou moun ki kenbe alyans li,
Ki sonje prensip li yo pou egzekite yo.
19 Letènèl tabli twòn li nan syèl la,
Wayòm li ap domine sou tout bagay.
 
20 Beni Letènèl,
nou menm zanj li yo,
Ki pisan nan fòs,
k ap egzekite lòd li,
Kòm n ap obeyi pawòl li.
21 Beni Letènèl,
nou tout lame l yo
K ap sèvi l e k ap fè volonte li!
22 Beni Letènèl,
nou tout zèv li yo,
Nan tout kote l ap domine!
Nanm mwen,
beni Letènèl!