Letènèl pran swen tout zèv li yo
104
Nanm mwen,
beni Letènèl!
Letènèl,
Bondye mwen,
ou gran anpil anpil!
Ou abiye ak ekla epi majeste.
2 Li vlope ak limyè tankou ak yon manto.
Li etann syèl la tankou yon tant.
3 Li plase poto chanmòt li nan dlo yo.
Li fè nyaj yo tounen cha pou li.
Li pwomennen sou zèl van an.
4 Li fè van yo tounen mesaje li;
Li fè flanm dife tounen sèvitè li.
 
5 Li tabli latè sou fondasyon li,
Li p ap janm brannen.
6 Ou kouvri l ak labim tankou ak yon rad.
Dlo yo kanpe anlè sou montay yo.
7 Yo pran kouri devan menas ou,
Yo presipite akòz bri tonè ou.
8 Montay yo monte,
vale yo bese,
Nan plas kote ou te tabli yo.
9 Ou ba yo yon limit yo pa dwe depase,
Pou yo pa retounen kouvri latè ankò.
 
10 Li voye sous dlo yo nan ravin yo
Ki koule nan mitan mòn yo.
11 Yo bay tout bèt savann yo bwè,
Bourik mawon yo pase swaf yo.
12 Zwazo nan syèl la rete tou pre yo,
Yo sonnen vwa yo nan fèy bwa yo.
13 Depi nan chanmòt li anwo,
Bondye wouze mòn yo,
Latè rasazye ak fwi travay ou.
14 Li fè zèb vèt pouse pou bèt yo,
Plant pou sèvi lòm,
Pou fè latè bay manje:
15 Diven ki rejwi kè lòm,
Ki fè vizaj li klere plis pase luil;
Manje ki soutni kè lòm.
16 Pyebwa Letènèl yo satisfè,
Pye sèd Liban li te plante yo.
17 Se la zwazo yo fè nich yo,
Sigòy yo fè kay yo nan pye siprès yo.
18 Montay wo yo se pou kabrit mawon yo,
Woche yo se refij pou daman yo.
 
19 Letènèl fè lalin pou make tan yo,
Solèy la konnen kilè pou l al kouche.
20 Ou fè tenèb,
epi lannuit rive.
Konsa tout bèt nan rakbwa deplase.
21 Jèn lyon yo gwonde dèyè manje yo,
Yo mande Bondye manje yo.
22 Lè solèy leve,
yo wete kò yo,
Y al kouche nan twou yo.
23 Lòm soti pou l al nan okipasyon li,
Pou l al nan travay li jis aswè rive.
24 Letènèl,
ala anpil zèv ou yo anpil!
Ou fè tout ak sajès.
Latè ranpli ak byen ou yo.
 
25 Men lanmè a ki gran epi ki laj.
Se la bèt moun pa ka konte yo ap fè mouvman,
Piti kou gwo.
26 Se la bato yo ap ale vini;
Ou te fè levyatan an pou l jwe la tou.
27 Tout bèt sa yo ap tann ou
Pou w ba yo manje nan tan li.
28 Ou ba yo manje a,
yo ranmase l,
Ou louvri men w,
yo rasazye ak byen.
29 Ou kache fas ou,
yo twouble.
Ou retire souf yo,
yo mouri,
Epi yo retounen nan pousyè yo.
30 Ou voye souf ou,
yo kreye,
Ou fè fas latè vin nouvo.
 
31 Se pou glwa Letènèl rete pou tout tan,
Se pou Letènèl rejwi nan zèv li yo.
32 Li gade latè,
latè tranble.
Li touche mòn yo,
yo fè lafimen.
33 M ap chante pou Letènèl toutotan m ap viv.
M ap jwe mizik pou Bondye m nan toutotan m egziste.
34 Se pou meditasyon m fè l plezi!
Mwen vle rejwi m nan Letènèl.
35 Se pou pechè yo disparèt sou latè,
Se pou mechan yo pa egziste ankò!
Nanm mwen,
beni Letènèl!
Louwe Letènèl!