Bouch moun ki flatè ak pawòl Letènèl
12
Pou Maestwo koral la.
Sou enstriman uit kòd la.
Yon sòm David.
2 Letènèl,
sekou!
Paske moun ki devwe pou ou yo fini.
Moun ki fidèl yo disparèt nan mitan pitit lèzòm yo.
3 Youn ap bay lòt manti.
Youn ap flate lòt.
Yo pale ak de kè.
4 Se pou Letènèl koupe bouch tout flatè,
Epi lang k ap pale avèk awogans,
5 K ap di:
Nou vin fò avèk lang nou.
Nou gen bouch nou avè nou.
Ki moun ki mèt nou?
6 Poutèt y ap maltrete pòv yo,
poutèt rèl malere yo,
Letènèl di:
Kounye a,
m ap leve kanpe.
M ap ba l sekirite l ap trimen pou li a.
7 Pawòl Letènèl yo se pawòl ki pwòp,
Tankou ajan yo rafine nan founèz dife sou tè a,
Ajan yo netwaye sèt fwa.
8 Ou menm Letènèl,
w ap kenbe yo,
W ap prezève yo kont jenerasyon sa a pou tout tan.
9 Mechan yo pwomennen fè laviwonn,
Kote pitit lèzòm yo leve vanite wo.