Letènèl se refij mwen
11
Pou Maestwo Koral la.
Yon sòm David.
Se nan Letènèl m ap chèche refij.
Kòman nou fè di m:
Sove al nan montay nou yo tankou yon zwazo?
2 Paske,
gade!
Mechan yo pare banza yo,
Yo fikse flèch yo sou kòd la,
Pou yo tire nan fènwa sou moun ki dwat nan kè yo.
3 Si fondasyon yo detui,
Jis la menm,
kisa l ka fè?
 
4 Letènèl nan tanp li ki sen.
Letènèl chita sou twòn li nan syèl la.
Je l ap gade,
Je l ap egzamine pitit lèzòm yo.
5 Letènèl egzamine jis la.
Men,
li rayi mechan an ak moun ki renmen vyolans.
6 Li voye lapli chabon,
dife ak souf sou mechan an.
Yon van cho kou dife,
se koup sa a y ap bwè.
7 Paske,
Letènèl jis,
li renmen jistis.
Moun ki dwat va wè fas li.