Letènèl tande vwa malere
10
Letènèl,
poukisa ou kanpe lwen konsa?
Poukisa ou kache nan tan detrès?
2 Nan ògèy li,
mechan an ap pousuiv malere a;
Li pran nan konplo mechan an monte a.
3 Mechan an ap vante tèt li konsènan dezi li gen nan kè li.
Li beni moun k ap vòlè,
men li denigre Letènèl.
4 Nan awogans li,
mechan an pa chèche Letènèl.
Tout sa l panse sèke pa gen Bondye.
5 Li reyisi nan tout chemen l.
Jijman ou yo byen wo,
byen lwen l.
Li meprize tout advèsè l yo.
6 Nan kè l,
li di:
M p ap brannen menm.
Jenerasyon apre jenerasyon mwen p ap nan malè.
7 Bouch li plen malediksyon,
riz ak malfezans.
Anba lang li se malè ak mechanste.
8 Li chita ann anbiskad tou pre vilaj yo.
Li tiye inosan an an kachèt.
Je l ap veye malere a an sekrè.
9 L ap tann an kachèt,
tankou yon lyon nan twou li.
L ap tann pou l ka mete men sou malere a;
Li mete men sou li,
Li rale l nan filè li.
10 Li koube,
li bese,
Epi malere tonbe anba grif li.
11 Li di nan kè l:
Bondye bliye.
Li kache figi li,
li p ap janm wè sa.
12 Leve,
Letènèl!
Leve men w Bondye!
Pa bliye malere yo!
13 Poukisa mechan an ap denigre Bondye?
Poukisa l ap di nan kè l:
Bondye p ap vanje sa?
14 Epoutan ou wè,
paske ou obsève lapenn ak soufrans
Pou w pran sa an men.
Se nan men w malere a kite kòz li,
Se ou menm ki ede moun san papa yo.
15 Kase bra mechan an ak moun k ap fè mal yo!
Fè vanjans sou li pou mechanste l yo jiskaske w pa jwenn ankò.
16 Letènèl se Wa pou le tan e letènite.
Nasyon yo peri nan peyi Bondye a.
17 Letènèl,
ou tande ve kè pòv malere yo.
Ou fòtifye kè yo.
W a pare zòrèy ou pou tande,
18 Pou fè òfelen ak moun y ap peze yo jistis,
Pou lòm ki soti nan latè pa kontinye simen latèrè sou yo.