Jistis Bondye
9
Pou maestwo koral la.
Sou lè «Mouri pou pitit gason an.»
Yon sòm David.
2 M ap louwe Letènèl ak tout kè m.
M ap rakonte tout mèvèy ou yo.
3 M ap fè kè m kontan epi m ap rejwi nan ou.
O Bondye Trè Wo,
m ap chante non ou!
4 Lè lènmi m yo fè bak,
Yo tonbe epi yo peri devan fas ou.
5 Paske se ou k ap defann dwa m ak kòz mwen.
Ou chita sou twòn ou pou jije daprè lajistis.
6 Ou reprimande nasyon yo,
ou detui mechan yo.
Ou efase non yo pou le tan e letènite.
7 Pa gen lènmi ankò,
ni dezas ki dire nèt ale!
Ou derasinen vil yo,
Epi moun pa sonje yo ankò.
8 Men,
Letènèl ap gouvène pou tout tan.
Li tabli twòn li pou l fè jijman an.
9 Li jije lemonn avèk jistis.
Li jije nasyon yo nan ladwati.
10 Letènèl se yon refij pou moun y ap peze,
Yon refij nan tan detrès.
11 Moun ki konnen non ou yo va kwè nan ou,
Paske,
Letènèl,
ou p ap abandone moun k ap chèche w.
12 Chante pou Letènèl ki abite nan Siyon.
Pibliye nan mitan nasyon yo gwo bagay li fè.
13 Paske sila a,
k ap reklame san ki koule,
sonje yo.
Li pa bliye rèl malere.
14 O Letènèl,
fè m favè w!
Gade mizè m anba moun ki rayi m yo,
Ou menm ki fè m monte soti nan pòtay lanmò,
15 Pou m ka rakonte tout lwanj ou yo
Nan pòtay pitit fi Siyon an,
Kite m rejwi anpil nan delivrans ou.
16 Nasyon yo tonbe nan twou yo te fouye a.
Filè yo te sere a,
se pye yo ankò k ap pran ladan.
17 Letènèl fè konnen kiyès li ye;
Li fè jistis.
Mechan an antòtye nan pyèj,
nan travay li fè ak pwòp men l.
– Jwe enstriman.
Poze!
18 Mechan yo gen pou yo retounen nan Peyi mò,
Tout nasyon ki bliye Bondye.
19 Paske yo p ap bliye malere a pou tout tan;
Esperans moun ki nan mizè yo p ap peri pou tout tan.
20 Leve,
Letènèl!
Pa kite se lèzòm ki triyonfe.
Se pou nasyon yo vin jije devan ou.
21 Letènèl,
voye laperèz sou yo!
Se pou nasyon yo konnen se moun ase yo ye!
– Poze!