Glwa Bondye ak diyite lòm
8
Pou maestwo koral la.
Sou Gitit.
Yon sòm David.
2 O Letènèl,
Senyè nou,
Ala gran non ou gran sou tout latè!
Ou mete grandè w pi wo pase syèl la.
3 Nan bouch timoun ak tibebe,
Ou tabli fòs ou poutèt advèsè ou yo,
Pou fè lènmi w ak moun ki renmen vanje yo fèmen bouch yo.
 
4 Lè m gade syèl ou yo,
travay ou fè ak men w yo,
Lalin ak zetwal ou te tabli yo,
5 Kisa lòm ye konsa pou w ta sonje li?
Kisa pitit lèzòm ye pou w ta pran ka li?
6 Ou fè l yon ti jan enferyè Bondye.
Ou ba l glwa ak onè kòm kouwòn.
7 Ou tabli li sou travay men ou fè.
Ou soumèt tout bagay anba pye li.
8 Mouton tankou bèf,
yo tout,
Menm bèt sovaj ki rete nan savann,
9 Zwazo nan syèl ak pwason nan lanmè,
Tout bèt k ap pase nan kouran dlo.
 
10 O Letènèl,
Senyè nou,
Ala gran non ou gran sou tout latè!