Fè m jistis kont mechan yo
7
Se yon chan lamantasyona David te chante bay Senyè a poutèt pawòl Kouch,
moun branch fanmi Benjamen an.
2 Letènèl,
Bondye mwen,
se nan ou menm m ap chèche refij.
Sove m anba tout moun k ap pousuiv mwen yo;
delivre m,
3 Osinon,
y ap dechire m tankou yon lyon
K ap devore san pa gen pèsonn pou delivre.
4 Letènèl,
Bondye mwen,
si m te fè sa vre,
Si men m gen lenjistis ladan yo,
5 Si m te fè moun k ap viv an pè avè m mal,
Si m te dechèpiye moun ki pèsekite m san rezon,
6 Se pou lènmi m pousuiv mwen jis li kenbe m.
Se pou l pilonnen lavi m atè,
Epi se pou l lakòz onè m rete nan pousyè.
– Poze!
7 Nan kòlè w,
leve,
Letènèl!
Kanpe kont raj advèsè m yo.
Reveye w pou mwen;
ou te anonse yon jijman.
8 Kite kominote nasyon yo antoure w toupatou,
Epi retounen anwo pou w ka sou tèt yo.
9 Letènèl ap jije nasyon yo:
Fè m jistis,
Letènèl,
Daprè jistis mwen,
daprè inosans mwen.
10 Tanpri,
mete yon fen nan move zak mechan yo.
Men,
Bondye ki jis la,
ou menm ki sonde kè ak ren,
Fè moun ki jis la vin fèm.
11 Se nan Bondye boukliye mwen ye,
Se li menm ki sove moun ki gen kè yo dwat.
12 Bondye se yon jij ki jis;
Li fache chak jou.
13 Si mechan an pa repanti,
Bondye ap file epe l;
L ap detire banza li,
epi l ap vize l.
14 Li prepare zam lanmò sa yo pou li.
Li fè flèch li yo limen dife.
15 Gade!
Mechan an gen tranche lenjistis!
Li ansent mechanste,
epi li akouche manti.
16 Li fè yon twou.
Se li ki fouye li,
Epi se li ankò ki tonbe nan twou li te fouye a.
17 Zak l la tonbe sou pwòp tèt li.
Wi,
vyolans li a retounen tonbe sou tèt li.
18 M ap louwe Letènèl,
poutèt jistis ou.
M ap chante non Letènèl,
Trè Wo a.