Gen pitye pou mwen
6
Pou maestwo koral la.
Avèk enstriman ak kòd.
Sou hap a uit kòd yo.
Yon sòm David.
2 Letènèl,
pa pini m lè w fache,
Pa chatye m lè w an kòlè.
3 Fè m favè,
Letènèl,
paske mwen fèb!
Geri m,
Senyè,
paske zo nan kò m yo ap tranble!
4 Nanm mwen boulvèse anpil.
Men,
ou menm Letènèl,
jis kilè?
 
5 O Letènèl,
tounen!
Delivre nanm m!
Sove m akòz bonte w.
6 Paske pèsonn p ap sonje ou lè yo mouri.
Ki moun ki pral fè louwe nan Peyi-mò?
 
7 Mwen fin depafini tèlman m ap plenn.
Tout lannuit mwen mouye kabann mwen ak dlo nan je m;
Wi,
ak dlo nan je m,
mwen tranpe divan kote m kouche a.
8 Je m depafini tèlman m gen lapenn;
Je m fin vye anba tout moun k ap pèsekite m yo.
 
9 Retire nou bò kote m,
nou tout k ap fè sa ki mal,
Paske Letènèl tande vwa m lè m kriye.
10 Letènèl tande lè m ap sipliye l.
Senyè a aksepte priyè m yo.
11 Se pou tout lènmi yo wont,
se pou yo boulvèse anpil.
Se pou yo fè bak epi se pou yo wont sanzatann.