Bondye ap pwoteje m
5
Pou maestwo koral la.
Avèk flit yo.
Yon sòm David.
2 Koute pawòl mwen yo,
Letènèl.
Konprann soupi m yo.
3 Tande vwa m k ap sipliye w,
Bondye mwen,
Wa mwen;
Paske se ou menm m ap lapriyè.
4 Letènèl,
nan maten,
ou tande vwa m.
Nan maten,
mwen dispoze m pou ou,
epi mwen fikse je m sou ou.
 
5 Paske,
ou pa yon Bondye ki pran plezi nan sa ki mal;
Mechan pa ka rete bò kote w.
6 Awogan yo p ap kanpe devan je w.
Ou rayi tout moun k ap fè mechanste.
7 Ou detui moun k ap bay manti yo.
Letènèl rayi moun k ap fè san koule ak moun k ap twonpe moun.
 
8 Men mwen menm,
m ap antre lakay ou paske mizerikòd ou gran.
M ap pwostène avèk krentif nan tanp ou a ki sen.
9 Letènèl,
kondui m nan jistis ou akòz lènmi m yo.
Fè chemen w vin dwat devan m.
10 Paske anyen nan bouch yo pa laverite.
Se fè dega ki nan kè yo.
Gòj yo tankou yon kavo ki louvri.
Yo flate moun ak lang yo.
11 O Bondye,
deklare yo koupab!
Kite yo tonbe nan menm pyèj yo te prepare yo.
Chase yo akòz pil peche yo fè yo,
paske y ap fè rebèl avè w.
 
12 Men,
se pou tout moun ki chèche refij nan ou rejwi.
Se pou yo chante ak jwa pou tout tan,
se pou w pwoteje yo;
Konsa moun ki renmen non ou va rejwi.
13 Paske ou menm,
Letènèl,
ou beni moun ki jis.
Ou antoure yo ak favè tankou yon gwo boukliye.