Lajwa ak lapè soti nan Letènèl
4
Pou maestwo koral la.
Avèk enstriman ak kòd.
Yon sòm David.
2 O Bondye,
tande m,
lè m kriye.
Se ou menm ki jistis mwen!
Lè m nan detrès,
soulaje m.
Fè m favè,
epi tande priyè m!
3 Bon,
nou menm pitit lèzòm,
kilè n a sispann chanje glwa mwen an dezonè?
Kilè n a sispann renmen vanite,
Kilè n a sispann chèche manti?
4 Konnen se Letènèl ki te chwazi yon moun ki fidèl pou moun pa l.
Senyè a tande m,
lè m rele l.
– Poze!
5 Tranble,
men pa peche!
Medite nan kè nou pandan nou sou kabann nou,
epi fè silans.
6 Ofri sakrifis ki jis,
Epi mete konfyans nou nan Letènèl.
7 Anpil moun ap di:
Kiyès k ap fè nou jwenn bonè?
O Letènèl,
fè limyè fas ou klere sou nou!
8 Ou met lajwa nan kè m pi plis pase yo,
Plis pase lè yo fè anpil rekòt ble ak diven nèf.
9 Mwen kouche epi mwen dòmi ak lapè,
Paske Letènèl,
se ou sèl k ap fè m viv an sekirite.